Maître Skue
Yaeh man 'yaeh man
Bili banmbann eh
Point d'interrogation ?
Yeeeh , yeeeeeeh
Refren!
(1 fwa)
C vrem knnen
Si se pou manti n'pran manti
Men ann goumen
Pou sa'n kwe jouk nou abouti
Yo pap konstwi
Yo plis kwè nan aneyanti
Ann met ansanm poun fè motè peyin pati
1vès
Pouki lèn bezwen atansyon pèp la n'fè bèl diskou
C bèl promès bon kondisyon ,pandan c nou kap ba yo kou?
Kisak fè chak lè n'fè yo vote
Anyen pa janm chanje
E lè yo ta vle révòlte
Site non nou c gro danje
Pouki n'pa janm ankouje yn moun lè lap fè bn bgy
Kòm prezidan k vize devlopman pou met peyia sou bn Ray ?
Knbien nan nou k pap defann enterèn ki wè problèm pep la
Kiès nan nou lè nap negosie ki pale nan non pèp sa?
Konbien fwa n'monte chodyè sou non pèp la nou fèl goute?
Pouki menm yon lwa poun vote fòk gen bagay pou nap konte?
Kiès nan nou ki gen konviksyon
K pa janm nan konpromisyon ?
Konbien nan nou k ka leve le doigt pou'n din pa nan koripsyon?
Refren!
(2 fwa)
C vrem knnen
Si se pou manti n'pran manti
Men ann goumen
Pou sa'n kwe jouk nou abouti
Yo pap konstwi
Yo plis kwè nan aneyanti
Ann met ansanm poun fè motè peyin pati
2em vès
Toujou din c premye pèp nwa k endepandan bann vanipie
Poukisa c nou menm ankò kap pase istwan anba pye?
Pran pòz nou tout fache kont Trump pandan nou pa janm k ini
Kilè m pap wont lèm dim se ayisyen lèm soti pami nou?
Gad etan met'on peyi ,c pran kòb al sere laba
Dim eske trump pa gen rezon ,n pa met peyi an tèt anba?
Pou valè kòb taks malere petro karibe n'gagote
Kisan janm fè nan peyi sa pou nap pale diyite?
Nou di non aba pèsekisyon(politik)
Non aba koripsyon
Non aba malvèzasyon
Nou di wi iiiiiii sin c ayisyen (l'Union fait la force)
Wi iiiiiii An sispann goumen
Wi iiiiiii An nou kenbe men
Ayisyen ayisyèn mwen yo si nou vle sa chanje si nou vle avanse se tèt ansanm pou nou mete
Opozisyon manif lan politisyen yo bay peyi a yon chans
Li lè poun pran knsyans
Refren!
(2 fwa)
C vrem knnen
Si se pou manti n'pran manti
Men ann goumen
Pou sa'n kwe jouk nou abouti
Yo pap konstwi
Yo plis kwè nan aneyanti
Ann met ansanm poun fè motè peyin pati
Still Lobèy what up
100 pou 100
Doremi Sound Studio